27/06/2020
Èske nou janm remake anpil nan krèm ki pou balchi po fèt a baz kawòt?
Isit lan nou pap ankouraje chanje koulè pow men nou pral palew de kawòt epi baw kèk astis pouw itilizel nan avantaj lakay ou epi rann koulèw ak pow klere natirèlman.
Kawòt se yon fwi ki rich an vitamin A, vitamin B1, B2, B6. Li chaje tou ak vitamin E ansanm ak vitamin C. Konsome kawòt souvan non sèlmam pèmèt retin zyew pi byen fonksyone sa vle di amelyore vizyonw lanwit men tou li rann pow bèl.
Gras ak kolajèn ak vitamin C ki nan kawòt lan, li se yon gwo atou nan zafè jere sikatris ki sou pow, retire rid sou pow, lè ou remake pow ap plise e ou wè li tèlman lage, ou sanble ap granmoun anvan lèw. Kawòt lan ede pow rejwenn elastisitel ak jenès li.
Kijan ou ka itilizel:
✔ Konsomel se yon bon mwayen pouw benefisye byenfè fwi an. Ou ka konsomel kri, sou fòm ji oubyen ou kwit li ak vapè
✔ Ou ka rense figiw avèl. Ou fè yon ji byen pwès, san dlo ak kawòt kri an. Ou aplikel sou figiw. Epi ou kitel repoze 10 minit anvanw rensel
✔ Ou ka fè yon mask ak li. Ou blende oubyen ou graje yon grenn kawòt san dlo. Ou ajoute yon demi kiyè myèl ladanl. Ou aplikel sou figiw oubyen kote ki nesesite reparasyon an. Li repoze 15 a 20 minit anvanw rensel
✔ Lwil kawòt lan se yon bon fason tou pou benefisye avantaj fwi an sou pow.
Kawòt malerezman pa yon fwi ki ka bay lwil pal poutèt li. Se masere pouw kite ji an masere nan yon lòt lwil ki ka itilize pou po. Lwil kokoye pa egzanp
✔ Yon lòt kote ou ka ajoute ji kawòt pwès lan oubyen lwil lan nan krèm idratan wap sèvi. Konsa wap ka utilizel o bezwen
➡ Prekosyon ou dwe pran
Kawòt lan bon anpil pou bwonzaj. Sa vle di lè ou aplike maske lan oubyen lwil lan sou pow, epi ou ekspoze anba solèy, lap fè pow pran yon ten fonse. Se pou sa si ou pa gen entansyon bwonze, lèw aplike mask lan pa rete kote ki gen solèy. E si kawòt lan se nan krèm ou li ye, aplikel de preferans lanwit e wap jis lave figiw nan maten.
Sèvi ak maske kawòt lan de fwa pa semaine pa egzanp. Alafen yon mwa wap koumanse jwenn rezilta. Wap retwouve po jenès ou!
Eske atik sa te itil ou? Si wi nap ankourajew swiv paj lan pouw ka toujou okouran nouvo konsèy bote natirèl nap pataje ak ou chak semèn.
Ribrik sa jwenn sipò